Navigation – Plan du site

AccueilNuméros52DossierYon literasi an kreyòl an Ayiti: ...

Dossier

Yon literasi an kreyòl an Ayiti: kle pou reyisit eskolè ak eliminasyon kreyolofobi a

Littératie en créole en Haïti : clé pour la réussite scolaire et l'élimination de la créolephobie
A Creole literacy: a key to succeed and eliminate creolophobia in Haiti
Martineau Nelson, Michelet Michel et Renauld Govain

Résumés

Haïti fait face à une crise éducative qui dépend en partie d’une crise de littératie dans un contexte de bilinguisme où le français, maitrisé par un assez faible taux de la population, est la principale langue d’enseignement, alors que le créole est la langue maternelle des 100% des Haïtiens. Ce choix engendre un système éducatif qui est à la base de l’illettrisme, de l’abandon et de l’échec scolaires. De l’école aux autres sphères d’activités formelles, les Haïtiens développent pour la plupart un comportement discriminatoire à l’égard du créole. C’est ce que nous appelons la créolophobie, un phénomène qui empêche le créole de participer à la transformation sociale et au développement communautaire. Nous analysons les conséquences de cette scolarisation en français en l’absence d’une littératie créole en montrant que cette crise de littératie ne se limite pas à l’école, elle a des conséquences sur toutes les autres sphères de la vie publique. Notre démarche s’appuie sur les approches multiples de la littératie tout en développant un argumentaire théorique sur le bien-fondé d’une littératie créole pour la scolarisation des enfants dans leur langue maternelle, en vue de leur plein développement cognitif et socioculturel. Ainsi, ils seront en mesure de participer au développement de leur communauté et anticiper d’autres crises qui ont pour cause le problème de littératie. Nous optons pour une littératie scolaire en créole basée sur les pratiques sociales locales et communautaires haïtiennes.

Haut de page

Texte intégral

Entwodiksyon

  • 1 Yon pwojè Delegasyon Inyon Ewopeyèn avèk Ajans espànyòl Koperasyon entènasyonal pou devlopman finan (...)

1Ayiti ap travèse yon kriz edikasyon ki gen pou wè avèk yon pwoblèm literasi nan yon kontèks bilengwis kote se fransè ki lang prensipal ansèyman, malgre se kreyòl ki premye lang tout Ayisyen ki metrize li aloral san pwoblèm. Yo pratike kreyòl nan tout sitiyasyon kominikasyon, alòske se yon ti ponyen Ayisyen ki pratike fransè nan kèk sitiyasyon fòmèl. Poutan, Ayisyen devlope yon konpòtman diskrimintwa kont kreyòl la. Nou rele manifestasyon konpòtman diskrimintwa sa a kreyolofobi, yon atitid ki valorize fransè epi minorize kreyòl. Depi nan kòmansman, lekòl ayisyen privilejye fransè, meprize kreyòl. Yon sistèm edikatif ki vize rezilta eskolarize elèv li yo nan lang yo metrize. UNESCO (1953) rekonèt, apre plizyè chèchè, pi bon mwayen pou fòme elèv yo se anseye yo nan lang natif-natal yo oswa lang yo pi metrize a. An 2015, Fowòm mondyal UNESCO sou edikasyon nan ‘Incheon’ raple nesesite pou sistèm edikatif nasyonal yo privilejye lang elèv yo plis metrize pou fè edikasyon yo, yon fason pou lite kont esklizyon epi vanse nan reyalizasyon objektif devlopman dirab yo. Nou pa rive konprann yo kontinye fè literasi an fransè apre refòm edikatif 1979 la. Dapre Marinelli et al. (2011), lè yo eskolarize elèv yo nan lang yo pratike lakay yo, sa pèmèt yo pi byen devlope konpetans literasi yo e sa estabilize aprantisaj la. Lè elèv yo gen yon bon baz literasi nan premye ane eskolarizasyon yo, sa evite yo dekouraje epi abandone lekòl (Abadzi, 2008 ; Kazadi, 2009). Se vre edikasyon afekte chanjman ki fèt nan nivo kognisyon yon moun pandan tout lavi li, men twa premye ane eskolarizasyon yo detèminan (Abadzi, 2004 ; Olson, 2006). Nan sans sa a, pwojè Edukayiti1 a, ki enspire atik sa a, vin ranfòse pwosesis literasi a epi amelyore kalite ansèyman nan premye sik Lekòl fondamantal.

2Lide atik sa a soti nan objektif 3 pwojè Edukayiti a ki rejwenn youn nan objektif refòm edikatif 1979 la ki se eskolarize timoun yo nan lang matènèl (LM) yo pandan twa premye ane eskolarizasyon yo, epi tranzisyon an ta va kòmanse nan 4èm ane nan fransè a, sa ki t ap kondui peyi a nan yon vrè pwojè edikasyon bileng dapre dekrè 30 mas 1982 a ki rekòmande kreyòl kòm lang ansèyman e lang anseye (objè ansèyman) nan tout nivo lekòl fondamantal la, epi fransè se lang anseye nan tout nivo fondamantal la, men ki t ap vin lang ansèyman apati de 6e AF (Chaudenson & Vernet, 1983). Ki apwòch literasi Ayiti ta dwe devlope nan lekòl kòm baz devlopman kognitif ti Ayisyen nan kontèks bilengwis la ? Kòman konbat kreyolofobi a ki se yon eritaj sosyo-istoriko-politik ki gen pou wè avèk ejemoni fransè a? Nou apiye nou sou apwòch sosyal literasi ki wè literasi eskolè a kòm yon zouti ki fasilite sosyalizasyon ak transfòmasyon sosyal pou pote chanjman nan sosyete a. Dapre nou, literasi pou nou anvizaje pou lekòl ayisyen an dwe plis chita sou pratik sosyal, lokal, entim Ayisyen yo (Barton & Hamilton, 1998/2010 ; Barton, Hamilton & Ivanič, 2000).

1. Abòde nosyon literasi a nan kontèks kreyòl ayisyen an

3An nou retrase orijin ak evolisyon nosyon literasi a ki vin enkontounab nan evolisyon sosyete yo gras ak yon apwòch epistemolojik e teyorik. Konsèp literasi a nouvo an kreyòl. Li soti nan anglè ‘literacy’ ki gen pou wè avèk « kilti ekri» nan domèn antwoploji. Li kòmanse fè eko avèk Jack Goody, yon antwopològ britanik ki travay sou konsekans aparisyon ak difizyon ekriti nan konparezon kèk sosyete literasye ak sosyete ki pa literasye. Pami premye travay sou literasi, nou kapab konsidere Goody & Watt (1963), Goody (1979), Scribner & Cole (1973, 1981, 2010), Olson (1994) ki chita sou faktè kognitif ak sosyal literasi nan divès sosyete. Menm si yo pral repwoche Goody pou pozisyon kognitivis li, li te gen tan louvri wout pou refleksyon sou enplikasyon pratik kiltirèl yo (Joigneaux, 2019). Sepandan, konsèp literasi a pa parèt lontan nan mond frankofòn nan kote yo te konn pale de alfabetizasyon pou fè referans ak pwosesis pou aprann moun li ak ekri. Pierre (2003b) esplike se jis nan ane 1985 konsèp literasi a antre nan frankofoni apre anpil retisans paske yo te konn konsidere li kòm ekivalan alfabetizasyon, sa ki te yon tò dapre otè a. Sa pa diferan pou nou an Ayiti nan milye kreyolofòn nan kote nosyon literasi a fenk ap antre nan deba eskolè yo.

4Nosyon literasi a evolye anpil, e li vin tounen yon kafou rechèch pou tout disiplin syans moun ak lasosyete yo tankou antwopoloji, sosyoloji, sikoloji, lengwistik, didaktik, e latriye. Se pou sa genyen de (2) kouran teyorik ki domine rechèch literasi yo: kognitif e sosyo-kiltirèl. Menm si dènye ane sa yo genyen yon twazyèm kouran ki plis pote sou apwòch plirisemyotik sitou ak evolisyon teknoloji a ki ap pale de literasi miltimodal. Joigneaux (2019) menm vle montre kad teyorik Goody yo pèmèt etablisman yon pon ant twa prensipal apwòch literasi sa yo (kognitif, sosyo-kiltirèl ak miltimodal). Nan ekri ki antre nan nouvo etid literasi yo (New Literacy Studies), otè yo wè literasi a kòm yon seri pwosesis sosyal, kiltirèl ak akademik yo mete an plas nan yon kominote diskisif (dapre Dagenais (2012) ki site Brian Street).

5Nou kapab abòde nosyon literasi a sou de ang : youn minimalis ki chita sou rapò ant literasi ak aprantisaj lekti-ekriti, lòt la maksimalis ki antre nan kad yon vizyon pi laj ki wè tout konpetans yon moun ka devlope an referans ak fòm e pratik langajye yo ki ka pèmèt li evolye sou plan sosyal, kiltirèl ak ekonomik nan sosyete a.

  • 2 Konpetans pou idantifye konpozan fonolojik mo yo. Li anglobe konsyans fonolojik, konsyans fonemik, (...)

6Konsèp literasi a ale pi lwen pase konsèp alfabetizasyon an, menm si anvan tout definisyon yo te toujou santre sou yon dimansyon kognitif ki gade kòman yon moun aprann epi devlope konpetans nan lekti-ekriti tankou devlopman konpetans metafonolojik2 yo. Pi devan, apwòch sa a ta pral elaji sou kapasite yon moun genyen pou li itilize langaj ekri. Nou ka wè sa nan Jaffré (2004 : 31) ki konsidere literasi a sèlman nan izaj ekriti : « la littératie désigne l’ensemble des activités humaines qui impliquent l’usage de l’écriture en réception et en production ». Pou Jaffré, literasi a enplike yon seri konpetans bazik, lengwistik ak grafik, ki o sèvis yon seri pratik ki kapab teknik, kognitif, sosyal oubyen kiltirèl. David (2015) prèske ale nan menm sans lan lè li abòde literasi a kòm tout aktivite moun ki gen rapò ak ekriti. Men parapò ak evolisyon rechèch yo, jodi a yo pa defini literasi sèlman sou konpetans oubyen metriz yon moun genyen de sistèm grafik yon lang, men pito tout kapasite li genyen pou li itilize langaj la sou tout fòm (oral, ekri, jès, senbòl, imaj, pankat, e latriye). Se depi travay New London Group (1996/2000), chèchè yo kòmanse konteste vizyon otonòm literasi a ki te santre sou kominikasyon grafik, lè yo pwopoze nosyon literasi miltip (multiliteracies) kòm altènativ pou montre se pa sèlman grafi ki karakterize kominikasyon, men plizyè fòm reprezantasyon (Dagenais, 2012).

7Sou ang minimalis la, yo defini literasi kòm yon pwosesis endividyèl an rapò ak kapasite kognitif yon moun genyen nan lekti-ekriti. Ang maksimalis la montre se yon nosyon ki enplike plizyè dimansyon: lengwistik, siko-kognitif, sosyo-kiltirèl, sosyopolitik ak sosyo-istorik (Barré De-Miniac, 2002, 2003a,b). Scribner & Cole (1981) montre literasi a ale pi lwen pase yon senp pwosesis alfabetizasyon, li depase kad pratik lagajye yo pou enplike tout pratik ki mobilize ekri nan objektif ak kontèks espesifik. Barton & Hamilton (1998/2010) devlope yon teyori sosyal literasi yo prezante kòm yon seri pratik sosyal. Modèl pedagojik Masny (2001) an pwopoze yon apwòch sosyal sou literasi miltip nou rejwenn nan Masny & Waterhouse (2009) ; pou Higgins (2011) literasi a genyen sans pratik miltip ki divèsifye selon kontèks kiltirèl ak sosyal ki karakterize li. Nou menm, nou defini literasi eskolè a kòm yon aktivite sosyalizasyon ki pèmèt nou aprann timoun yo li, ekri, reflechi, kalkile, entèprete tout esperyans yo ap viv nan anviwònman yo atravè yon pwosesis fòmèl jis yon nivo kote yo fin devlope kapasite sa yo konplètman epi yo pa ka tounen dèyè ankò. Nivo sosyalizasyon sa a ap abouti pi byen lè aprantisaj fòmèl la fèt nan lang elèv la metrize deja. Nan kad yon literasi eskolè ki chita nan yon pèspektiv kognitif ak sosyo-kiltirèl LM nan se pi gwo zouti ki pèmèt nou estriktire panse nou epi mete nou an akò ak kilti nou, idantite nou. Literasi eskolè a dwe marye ak konsyans pèp la genyen de kilti li, istwa li, esans li. Tankou Barton & Hamilton (1998: 13) souliye: « Literacy practices are culturally constructed, and, like all cultural phenomena, they have their roots in the past. To understand contemporay literacy it is necessary to document the ways in which literacy is historically situated ». Apwòch sa a plase metòd lekti-ekriti a nan yon dimansyon sosyo-kiltirèl ak istorik e menm ideyolojik. Barton ak Hamilton (ibid.) sipoze: « We need a historical approach for an understanding of the ideology, culture and traditions on which current practices are based ». Nivo konsyans sosyete a devlope atravè chak sitwayen genyen relasyon avèk baz literasi yo devlope depi nan kòmansman eskolarizasyon an nan edikasyon moral sitwayen yo resevwa ki pral pèmèt yo vin sitwayen konsekan nan sosyete a.

1.1. Literasi kreyòl

8Apwòch miltip yo ak apwòch sosyo-kiltirèl yo montre nou pratik literasi yo varye nan espas-tan epi yo pragmatik. Sa vle di chak sosyete devlope pwòp literasi pa yo, e kontèks la ka oblije sosyete a chanje apwòch oubyen modèl literasi nan yon moman nan evolisyon li, menm si sa depann de yon chwa politiko-sosyal ak kiltirèl. Epi, pratik literasi yo dinamik nan tout sosyete (Barton & Hamilton, 1998). Varyasyon kontekstyèl yo pèmèt nou ka genyen literasi kominotè, literasi eskolè ak literasi pèsonèl (Masny, 2001). Piske pratik sosyal yo toujou diferan soti nan yon sosyete rive nan yon lòt, literasi a vin diferan tou nan tout kilti: « practices in different cultures and languages can be regarded as different literacies », (Barton & Hamilton, 1998 :10). Konsepsyon sou literasi ak lang marye ak enstitisyon pouvwa sosyal yo tankou relijyon, lafanmi ak edikasyon (Barton & Hamilton, 1998, 2010). E chak enstitisyon ka chwazi sipòte oubyen privilejye yon pratik literasi ak yon lang dominan oubyen yon lang vènakilè dapre objektif ak ideyoloji yo. Se nan sans sa a, nou ka opoze andedan sosyete a yon literasi dominan ak yon literasi vènakilè. Barton ak Hamilton raple nou yon enstisyon pouvwa sosyal tankou edikasyon gen tandans sipòte literasi dominan parapò ak literasi vènakilè a ; Collete (2013) pale de literasi minore oubyen majinalize. Obsèvasyon yo montre jeneralman pratik literasi ki lejitim kiltirèlman pou sosyete a, se pa toujou yo menm ki valorize sou plan sosyal. An Ayiti, se literasi fransè yo valorize sosyalman, alòske se literasi kreyòl la ki marye ak kilti pèp la, ak esans li ; se sa ki pwoblèm prensipal literasi eskolè a nan peyi a.

9Jan nou ekri nan entwodiksyon an, Leta Ayisyen fè chwa literasi an fransè depi kòmansman lekòl ayisyen an apre endepandans peyi a. Nou ta pral tann refòm edikatif 1979 la pou yo entegre kreyòl la nan edikasyon an. Dapre obsèvasyon yo, literasi an fransè sa a pa pote bon rezilta ni sou plan kognitif elèv yo, ni sou plan sosyo-kiltirèl, ale wè pou plan ekonomik. Okontrè, se yon eritaj sosyo-istorik ak sosyo-politik ki lage peyi a nan yon kriz edikasyon ki travèse plizyè lòt domèn epi ki limite Ayisyen nan refleksyon ak nan pwodiksyon entèlektyèl, syantifik ak teknik. Jan sistèm edikatif la monte ak fransè a, nou ta ka menm konsidere ti Ayisyen ki soti fon andeyò a ki rive reyisi ladan tankou reskape sistèm nan, paske yo deja mete li sou kote anvan menm li antre lekòl la akoz li pa pale fransè. Sa se yon vyolasyon sistematik dwa lengwistik ak kominikasyon sitwayen yo ki genyen konsekans negatif nan prèske tout sektè aktivite fòmèl nan sosyete a. Men, nou kapab aplodi kèk efò ki fèt pou konbat kreyolofobi sa a, men rete anpil travay ki pou fèt toujou sitou nan lekòl pou ti Ayisyen sispann sibi enjistis kognitif ak sosyal (Sousa Santos, 2011) sa a nan peyi yo, anba drapo yo. Konsiderasyon sa yo mennen Degraff (2017) pale de apated lengwistik, alòske Dejan (2006) wè ti Ayisyen yo nan yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Nou ta ka di fransè a an Ayiti sèvi plis kòm zouti pou divize olye li sèvi kòm zouti pou rasanble.

10Konfigirasyon sosyolengwistik Ayiti tou endike se literasi kreyl ki ta meyè pou kominote a. Kreyl la egziste gras ak pratik li yo, men fonksyon sosyal li nan espas vital sosyete a limite sou plan entèlektyèl e nan pwodiksyon syantifik ak teknik. Yon lang pa gen limit nan li menm, se lokitè yo ki limite tèt yo paske yo pa enplike lang nan espresyon tout kalte diskou nan tout kalte domèn. Diskou kreyolofòb yo gen rezon sou jefò pou envesti lang nan nan tout kalte espresyon. Tout lang natirèl ka eksprime tout reyalite konkrè, abstrè, syantifik, teknik depi lokitè yo envesti lang nan nan kalte aktivite sa yo. Lang nan se yon zouti konseptyèl ki esprime tout kalte reyalite lokitè li ap viv ; si nou pa fè travay entèlektyèl, teknik e syantifik nan lang nan, nou p ap janm esperimante kapasite li pou esprime kalte diskou sa yo. Kreyòl se premye lang ki ka devlope kognisyon elèv ayisyen, ki pral pèmèt yo avanse sou plan entèlektyèl. Depi kognisyon an fin devlope gras ak yon aprantisaj byen planifye sou plan langajye nan yon lang elèv yo metrize, li ka aprann (nan) nenpòt lòt lang etranje, antre nan aktivite lasyans san pwoblèm. Kon sa, nou va ouvè wout plirilengwis la pou yo. Lè sa a, yo ap kapab transpoze konesans entèlektyèl yo soti nan yon lang al nan yon lòt san difikilte. Donk, literasi kreyòl la ka pèmèt Ayisyen pwodui, repwodui epi resevwa tout kalte konesans sosyo-kiltirèl ayisyen pataje nan kὸ sosyal yo ak nan pratik toulèjou yo ki merite fòmalize nan lekòl yo.

11Nou enskri literasi kreyòl la nan kad yon vizyon laj kote Leta dwe mete mányèl ak zouti didaktik divèsifye nan tout matyè a dispozisyon elèv yo pou favorize yon ansèyman sistematik an kreyòl, epi kreye kondisyon pou pwodiksyon literè, syantifik ak teknik an kreyòl.

12Nou pa ka pale de devlopman san literasi ki se yon eleman enkontounab nan avansman sosyete yo. Avansman yon sosyete depann de nivo literasi li nou ka konsidere kòm yon eleman santral ki detèmine òganizasyon ak avni sosyete a sou plan edikatif, kiltirèl ak sosyal. Nivo literasi a detèmine tou nivo devlopman syantifik, teknik ak teknolojik ki se baz ekonomi sosyete yo nan syèk nou ye a. Obsèvasyon yo montre plis nivo literasi peyi a ba, se plis nivo povrete li wo, epi se plis nivo devlopman li ba. Literasi a ede nou wè devlopman an nan nivo sosyo-kognitif lakay chak endividi, menm jan li gen enpak sou devlopman sosyo-kiltirèl ak sosyo-ekonomik tout sosyete a. Nou ka konstate depi plis pase 200 lane nou ap fè edikasyon an fransè, men lekòl la pa janm rive pwodui ase epi devlope kapital moun pou ki pèmèt devlopman peyi a. Literasi kreyòl la se yon zouti endispansab ki ka pèmèt Ayiti genyen yon lekòl ki pou devlope konpetans literasi Ayisyen bezwen pou itil tèt yo pandan yo ap patisipe nan lavi piblik, kolektif ak devlopman peyi a.

13Nou depase nivo literasi fonksyonèl fransè a pou nou rive nan yon nivo literasi kritik an kreyòl. Tankou Falk (2000: 2) esplike sa « to be literate and numerate in the wold of today and tomorrow requires diffrent and additional skills from the world of the 1900s ». Se yon fason pou nou di Ayiti bezwen resous literasi militip (tout kalite nan tout domèn) pou angaje nan yon « ansèyman sosyal kritik » ki ka fè enpak pozitif sou òganizasyon ak sou avni sosyete a. Falk (2000: 3) montre ansèyman sosyal kritik la ka fè gwo enpak sou devlopman sosyete a: « It is critical social learnig that impacts directly on the development of trust, social cohesion, economic outcomes and the common good ». Nan lide sa a, literasi kreyòl la se pi bon mwayen ki ka pèmèt lekòl ayisyen an devlope kapital moun e pèmèt Ayiti rive genyen resous tankou sa Bourdieu (1986) rele kapital ekonomik, kapital kiltirèl ak kapital sosyal. Falk (op. cit.) repran Portes ki obsève kapital ekonomik la nan kont-an-bank moun yo epi kapital moun nan nan konesans yo gen nan tèt yo, alòske kapital sosyal la soti nan entèrelasyon yo, nan fason gwoup sosyal yo estriktire.

1.2. Ki sa nou rele kreyolofobi?

14Kreyolofobi se tout atitid negatif anpil Ayisyen devlope kont kreyòl la ki lakoz li pa ka jwe wòl li nan transfòmasyon reyalite edikatif, sosyo-ekonomik fòmèl ak politik ki pou debouche sou devlopman peyi a. Dapre reprezantasyon meta-epilengwistik anpil Ayisyen, kreyòl ka esprime diskou vènakilè, popilè, literè, men li pa kapab pale pawòl teknik, syantifik (Govain, 2021). Kiryezman, se lekòl ki difize kalte diskou sa a ! Anpil nan lekòl ki gen bon renome nan sosyete a meprize kreyòl la, paske yo konstwi renome sa a sou diskou epilengwistik sa a ki valorize fransè e devalorize kreyòl. Se fransè a ki prensipal karakteristik swadizan edikasyon bon kalite yo kwè yo delivre a san yo pa mezire dimansyon kognitif ak sosyo-kiltirèl yo. Lekòl sa yo toujou retisan pou sèvi avèk kreyòl paske yo pè pèdi kapital senbolik yo ki chita sou valè fansè a pèmèt yo benefisye nan je sosyete a. Sa se yon konsekans ejemoni fransè a nou eritye nan esperyans kolonyal-esklavajis la. Nan imajinè kominotè a, lekòl sa yo se gwo lekòl paske yo aprann timoun yo pale fransè. Yo sanble bliye « pale fransè pa vle di lespri pou sa ». Tout esperyans sa yo adisyone ansanm akouche yon defisi refleksyon ak pwodiksyon entèlektyèl nan peyi a. Poutan, fransè a vin jwe yon wòl entegrasyon sosyal paske se lè ou pale fransè yo konsidere ou konn li. Kreyòl la rete yon lang minorize, epi fransè a se lang prestij (Govain, 2022), sa ki bay yon veritab sitiyasyon inegalitè nan pratik lengwistik yo.

15Predominans fransè a sou kreyòl la nan vi sosyal la bay enpresyon yon konfli lengwistik aparan ki se rezilta rapò sosyal inegalitè ant lokitè bileng yo ki parèt kòm privilejye, epi monoleng kreyolofòn yo ki se defavorize nan sistèm nan (Govain, 2009). Nou jwenn konpòtman kreyolofòb yo tou nan administrasyon, kit prive kit piblik, kote yon Ayisyen konn pè pale kreyòl pou yo pa gade li mal. Lè li pale an fransè sa ka pèmèt li jwenn sèvis pi rapid e yo ka wè ka li pi byen sosyalman. Menm si pafwa, ni moun ki ap bay sèvis la, ni moun ki vin chèche sèvis la konn pa metrize fransè vre (se sa ki fè se sitou nan kòmansman echanj lan yo sèvi ak kèk fòmil fransè yo aprann pakè), alòske yo tout metrize kreyòl la. Se nan sitiyasyon sa yo pi souvan nou rankontre fenomèn melanj lang nan ak entèferans kreyòl ak fransè. Fenomèn sa yo ka soti nan volonte lokitè a pou fè chèlbè pou montre yo konn pale fransè (jan lekòl anseye yo) oubyen paske yo pa ka kenbe yon konvèsasyon long an fransè. Men tou, sa kapab antre nan kad yon « abitis kominikasyonèl » parapò ak fòmasyon yo resevwa oswa jan lekòl la fòmate yo. Fenomèn sa yo, nou rankontre yo nan prèske tout sektè aktivite fòmèl nan sosyete a. Men, nan sitiyasyon enfòmèl, kominotè e familye se kreyòl ki domine.

16Literasi eskolè an kreyòl la kapab ede nou konbat kreyolofobi nan lekòl epi prevni konpòtman kreyolofòb nan rès sosyete e li ap pèmèt kreyòl la jwe wòl li nan transfòmasyon reyalite edikatif ak sosyo-ekonomik peyi a. Evolisyon lang nan marye ak istwa li. Sa Ayisyen sanble bliye, kreyòl la patisipe nan batay pou liberasyon zansèt nou yo fransè te sèvi pou domine. Li temwen viktwa gwo batay yo te mennen pou yo aprann moun menm jan ak tout moun. Kreyòl la se pwen depa mounizasyon esklav yo ki te rive nan yon nivo konsyans yo te ka negosye tout bagay sof mounite yo. Donk, respekte e pratike kreyòl se kontinye pwopaje yon eritaj sosyo-istorik ak sosyo-kiltirèl ki enskri Ayiti nan yon ontoloji kolektif ki diferansye li de lòt pèp, lòt kominote. Si nou konprann efè literasi a nan sosyete a kòm rezilta eskolarizasyon, nou ap konprann aprantisaj lekti-ekriti an kreyòl pa dwe yon senp esè, men sa dwe antre nan yon pwojè politiko-kiltirèl ak sosyal ki vize yon lòt lekòl ayisyen ki chita sou pratik kominotè andojèn Ayisyen ki pou lye avèk pratik toulèjou yo ak edikasyon fòmèl la. Lang yon pèp pote epi veyikile kilti li, se yon reyalite enkontounab menm jan li esprime reyalite sosyal yo. Donk, yon politik edikatif ki vize literasi kreyòl mande pou nou repanse lekòl ayisyen an, ki dwe chita sou reyalite natif-natal pèp la, e ki pral pwodui sitwayen ki fyè de lang ak kilti yo ki detèmine ayisyanite yo.

2. Konsekans eskolarizasyon an fransè ak absans literasi kreyòl

17Plis pase 200 lane ansèyman an fransè ba nou yon lekòl ayisyen ki pa pwodiktif sou plan entèlektyèl, syantifik ak teknik. Youn nan konsekans eskolarizasyon an fransè a ki parèt evidan se fenomèn iletris la ki swiv anpil Ayisyen pandan tout pakou lavi yo. Se tankou edikasyon an fransè a pa favorize devlopman kognitif Ayisyen yo, menm apre inivèsite ale wè apre 14 ane lekòl klasik. Se yon konsta evidan lè nou gade limit anpil Ayisyen nan nivo abstraksyon, rezònman vèbal, ak konpetans metalengwistik nan tou de lang peyi a. Men anvan nou rive la, konsta yo montre kòman eskolarizasyon an fransè a lakoz dekourajman, dekwochaj, echèk ak abandon eskolè. Pwoblèm estati de lang yo nan sistèm nan kreye inegalite nan aprantisaj la kote tout elèv yo pa gen menm chans pou yo konprann, debat, epi repwodui sa yo ap aprann nan klas yo. Eskolarizasyon an fransè a se youn nan koz prensipal inegalite eskolè a paske lang nan divize lekòl la an plizyè kategori, ki fè tout ti Ayisyen pa gen menm chans pou frekante menm lekòl (kote tout lekòl gen menm nivo fòmasyon). Se depi la a inegalite chans lan kòmanse pran fòs. Plis ou genyen chans frekante sa piblik la konsidere kòm gwo lekòl (sètadi lekòl ki resevwa elèv paran yo kapab peye yon eskolarite ki wo) se plis chans ou ogmante pou reyisi nan sosyete a. Donk, pwoblèm inegalite nan aprantisaj la mennen tou dwat nan inegalite chans nan sosyete a. Eleman sa yo montre lekòl an fransè a pa favorize yon kapital sosyal ki ta dwe depann de koyezyon sosyal la, okontrè, li lage nou nan yon enjistis sosyal kote nou ap konstate vyolasyon dwa lengwistik Ayisyen yo ki pral tonbe nan yon kriz jiridiko-legal ak sosyo-politik.

2.1. Iletris kòm mak fabrik lekòl an fransè

18Iletris se eta yon moun ki (te) eskolarize, men ki pa fin byen devlope metriz lekti-ekriti nan lang li eskolarize a/yo. Nou distenge de nivo iletris lekòl ayisyen an pwodui: sitiyasyon yon moun ki pa kapab byen li ak ekri nan lang nan paske li pa rive nan nivo eskolarizasyon ki fasilite li sa ; sitiyasyon yon moun ki tèmine pakou eskolè li, men ki pa rive ka pwodui okenn rezònman ak refleksyon kritik nan lang nan malgre se lang eskolarizasyon li, epi ki rive li yon tèks nan nivo pou moun ki ap tande li yo rive konprann sa tèks la vle di. Pi gwo kapasite moun ki nan dezyèm nivo a se memorizasyon. Tou de sitiyasyon iletris sa yo soti nan baz eskolarizasyon an kote elèv yo pa rive devlope konpetans bazik yo nan lekti-ekriti, epi modèl lekòl la pa devlope kognisyon yo ase. Olson (2006) – ki site Ferreiro & Teberosky (1982) – esplike sou plan kognitif menm refleksyon timoun yo sou langaj chanje pandan yo ap aprann epi devlope konpetans literasi yo nan premye ane eskolarizasyon yo. Nou ka pale nenpòt lang avèk ezans, men pou nou konsyan de aspè langajye yo, se sèl yon aprantisaj esplisit ki ka pèmèt sa. Nan sans sa a, aprantisaj ekriti a pèmèt nou pran konsyans de lang nou pale a, epi li transfòme langaj la an objè panse (Olson, op. cit.).

19Dapre Abadzi (2008, 2013a,b), nan premye nivo fondamantal la timoun nan ta dwe kapab li 45~60 mo nan yon minit. Alòske, done anpirik yo ak etid ki reyalize nan kontèks ayisyen an montre elèv yo pa rive nan nivo sa a. Nou ka pran egzanp yon etid Ministè Edikasyon nasyonal reyalize nan ane eskolè 2008-20093 ki montre elèv 1e sik fondamantal yo genyen yon gwo feblès nan lekti. Yon rapò EGRA4 ki reyalize nan kad pwojè Edukayiti a nan depatman Sidès vin konfime sa toujou. Epoutan, Lekòl Kominotè Matènwa (LKM) nan Lagonav ki itilize sèlman kreyòl kòm lang ansèyman nan 1e sik fondamantal sanble fè ladiferans. Dapre DeGraff (2014), elèv 3e AF yo li an mwayèn 60 mo nan yon minit. LKM pa sèlman eskolarize timoun yo an kreyòl, men li aprann yo selon pratik lokal ak kominotè natif-natal yo tou.

  • 5 Kantite eleman oubyen longè yon fraz yon lektè ka memorize nan yon bat-je pou li ba li sans an menm (...)

20Etid yo montre konpetans bazik elèv yo nan lekti-ekriti tankou abilite meta-fonolojik yo trè fèb nan tou de lang yo. Yo montre sitiyasyon an kritik, men yo pa bay gwo sipriz lè nou gade done sosyo-didaktik ak siko-lwengwistik yo nan ansèyman/aprantisaj lekti-ekriti nan lekòl ayisyen an. Timoun yo antre lekòl nan yon lang yo pa konnen, epi ansèyman/aprantisaj lekti a mal fèt. Youn nan premye enpak negatif sistèm edikatif ayisyen an fè sou elèv yo, li dekonekte yo ak pratik sosyal yo, reyalite sosyo-kiltirèl yo, vrè reyalite lengwistik yo. Kòman ou ka mande yon elèv pou li pèfòman nan lekti nan 1e ane eskolarizasyon li nan yon lang li pral tande premye fwa lekòl la? Sou plan siko-lengwistik, chaj kognitif yon aprenan diferan ant pwodiksyon nan LM li ak pwodiksyon nan yon lang etranje: anpan-memwa5 li sistematikman pi fèb nan lang etranje pase nan LM, sa ki esplike pi gwo efò nan operasyon planifikasyon yo nan sèvo a (Sagnier, 2010). Epi ansèyman lekti te toujou plis chita sou lèt alfabè fransè yo men pa sou son (metòd fonik), menm si nou rekonèt kèk efò kòmanse fèt pou chanje modèl ansèyman an dènye ane sa yo. Se yon mank adekwasyon paske de lang yo pa genyen menm prensip alfabetik, menm fonksyònman fonolojik. Kon sa, li ap toujou difisil pou elèv yo fè koresponn son ak sans nan fransè ki se yon lang etranje pou majorite elèv yo ki dekouvri li lè yo antre lekòl.

21Nou ta ka kesyone pèfòmans elèv yo nan lekti kreyòl la ki se LM yo, men nou dwe konprann li vin parèt lojik pou pèfòmans yo fèb paske si elèv la pa rive li nan prensipal lang ansèyman an, li p ap rive li nan okenn lòt lang, menm si se ta LM li. Itilizasyon fransè pa favorize literasi eskolè a, paske elèv yo pa ko devlope ase konpetans pou aprann ladan. Souvan, menm pwofesè a pa metrize li. Kòman ou ka mande yon moun pataje sa li pa genyen? Se pi gwo feblès sistèm edikatif ayisyen an nan nivo literasi. Non sèlman metòd ansèyman/aprantisaj yo depaman ak reyalite timoun yo, men tou pwofesè yo manke fòme. Done ki nan liv yo pa tradui pratik ak reyalite sosyal elèv yo. Se pou sa nou pale de pratik lokal kominotè, entèraksyon ak fanmi, zanmi, e latriye. Sitiyasyon sa yo, debouche sou fenomèn aprentisaj pakè a ki se espresyon yon fòm iletris kote aprenan an memorize tout leson kèlkeswa matyè a, san li pa konprann sa li ap li / etidye a. Modèl aprantisaj sa a pa vrèman patisipe nan estriktirasyon ak nan devlopman panse kritik elèv yo: literasi pa sèlman kontribye nan konpreyansyon lekti, men, plis toujou, nan estriktirasyon mòd panse nou (Olson, 1994). Nou rekonèt, avèk Lemke (1995), se pa literasi a vrèman ki enfliyanse panse nou, men se pito ekriti, e sitou pratik lekti yo nan yon kilti literasye. Efè literasi yo se rezilta eskolarizasyon yo ye, men ansèyman eskolè yo se pwodui yon istwa pratik literasi ki vin sofistike de jou an jou, epi tounen yon seri zouti rasyonalite siperyè lakay moun.

22Alòs, iletris la se yon fenomèn sosyal ki se konsekans yon kriz lekti-ekriti ki soti nan baz eskolarizasyon an ki lye alafwa ak pwoblèm lang ansèyman an, move metòd ansèyman, metòd lekti-ekriti ki pa apwopriye, move pratik pedagojik, epi pwofesè ki manke kalifye. Se vre refòm 1979 la pèmèt kreyòl la antre nan sistèm nan, men li pa mete okenn mwayen pou aplikasyon li ki ta dwe mennen nan devlopman yon bon literasi kreyòl oubyen nan yon biliterasi kote kreyòl ak fransè ta ka ko-abite nan benefis ak nan pwogrè kognitif elèv yo. Men pwoblèm nan pa lye ak lekòl sèlman, o kontrè se konpòtman kreyolofòb yo ki, depi lontan, mache sou dwa lengwistik majorite popilasyon an ki ba nou yon lekòl an fransè ki lage nou nan yon kriz literasi ki pral gen konsekans sou tout lòt domèn piblik nan vi sosyal la.

2.2. Kriz literasi ak kriz jiridiko-legal, sosyo-politik ak administratif

  • 6 Konstitisyon 1932, 1935, 1946 ak 1950.

23Ki jan pèp ayisyen ka rive jwenn sèvis li merite nan domèn piblik lè enterè politik yo depaman ak enterè kò sosyal la? Tout tèks lwa yo ekri an fransè, esepte lwa ki kreye Akademi Kreyòl Ayisyen an. Sa se rezilta konpòtman kreyolofòb ki egziste depi sou tan lakoloni epi ki kontinye nan pratik jiridiko-legal ak sosyo-politik yo. Konstitisyon 1843 a prevwa ansèyman lang yo pale nan peyi a nan lekòl men li pa site okenn lang. Men fransè te toujou lang fonksyònman administratif Leta a. Se konstitisyon 1918 la, yo elabore sou okipasyon ameriken an, ki bay fransè estati lang ofisyèl fòmèl. Menm dispozisyon sa a pral repete nan plizyè konstitisyon6. Atik 35 twa konstitisyon ki suiv youn lòt: 1957, 1964 ak 1971, ki pral konfòte fransè kòm lang ofisyèl, egzije yo sèvi ak li nan sèvis piblik epi presize se Lalwa ki ap detèmine sikonstans ak kondisyon pou yo sèvi ak kreyòl la, sitou si sa enpòtan pou sovgade enterè moral ak materyèl sitwayen ki pa metrize fransè. Atik 62 konstitisyon 1983 a presize fransè ak kreyòl se lang nasyonal peyi a. Se konstitisyon 1987 la ki ofisyalize kreyòl la bò kote fransè a. Atik 5, 24-3, 40, 213 konstitisyon sa a garanti libète chak moun ak chak gwoup kominotè genyen pou itilize epi resevwa sèvis nan de lang ofisyèl peyi a. Elabore tèks lwa yo an fransè sèlman se prèv konpòtman kreyolofòb lejislatè ayisyen yo. Pratik lejislatif sa a la depi redaksyon batistè endepandans peyi a.

24Sitiyasyon nou ap dekri la a mete Ayisyen an nan ensekirite lengwistik sou pwòp teritwa li. Se vyolasyon dwa lengwistik popilasyon an ki mennen nou nan vyolasyon dwa sitwayen an pou li jwenn jistis nan tribinal kote fransè reprezante yon estrateji kote, pi souvan, se avoka ki plis alèz nan pale fransè yo ki genyen pwosè yo. Nou ka obsève yon jijman nan yon tribinal (patikilyèman nan kad pwosè penal) kote de pati yo fòseman pale kreyòl, epi avoka yo ap defann yo an fransè. Jij la menm ap jwe wòl entèprèt. Epi yon grefye ap ekri an fransè. Alòske ni jij la, ni de pati yo, ni Avoka yo, ni grefye a, tout pale kreyòl. Sa pa sanble ak yon pyès teyat ki ap jwe nan tribinal la ? Li plis pase yon nesesite pou genyen yon vrè eskolarizasyon ak literasi kreyòl kòm zouti sosyalizasyon pou chanje mantal sitwayen yo epi antre kreyòl la nan pratik lejislatif peyi a. Si nou rive fè sa, nou ap mete peyi a sou wout devlopman yon kilti jistis sosyal an favè tout moun. Kon sa, kontèks sosyo-politik de lang yo va rive marye ak bezwen sosyal yo tout bon kote Ayiti ta sipoze jere yon bilengwis lejislatif, enstitisyonèl epi fonksyonèl sou papye Leta ayisyen nan administrasyon ak enstitisyon piblik kou prive.

25Ki sa ki anpeche kreyòl la jwi menm privilèj enstitisyonèl, administratif, legal ak fransè? Lè nou obsève esperyans ki marye dwa lengwistik ak dwa kiltirèl nan pratik kreyòl ak fransè nan kontèks administratif ak enstitisyonèl ayisyen an, youn nan konsta nou fè sou konpòtman kreyolofòb yo, sèke travay administratif yo limite ekriti kreyòl la nan domèn Leta. Rezilta feblès literasi an Ayiti a manifeste sou fòm ensekirite nan pale fransè yon b, epi ensekirite nan ekri kreyòl yon lt b. De pwoblèm sa yo antrave travay administratif yo nan kontèks enstitisyonèl kote yo ta dwe itilize de lang yo san diskriminasyon nan ekriti fòmèl tankou : kont-randi, rap, sikilè, afich, korespondans administratif, sentèz, e latriye. Malerezman se fransè ki domine aspè sa yo. Menm si moun yo anime echanj oral yo an kreyòl, depi yo dwe ekri kichòy sou yo, se an fransè yo fè sa. Tout Ayisyen ta sipoze defann dwa lengwistik yo epi jwi tout privilèj ak sèvis piblik literasi kreyòl la ka ofri yo sou plan administratif ak enstitisyonèl. Donk, ekri kreyὸl nan kontèks administratif ak enstitisyonèl se yon defi Leta ayisyen dwe leve, e sa enskri nan kad yon jistis sosyal pou Ayisyen.

Konklizyon

26Menm jan yon lang ini tout yon kominote, se kon sa tou li ka sèvi kòm zouti pou kreye inegalite sosyal, kiltirèl ak ekonomik. E se rezilta sa a menm pratik fransè a ba nou an Ayiti kòm lang eskolarizasyon. Sa montre nesesite pou devlope yon bon pwojè literasi an kreyòl ki kapab mete Ayisyen sou wout devlopman. Kriz literasi nan edikasyon an detèmine an pati divès kriz sosyete ayisyen an ap travèse. Literasi kreyòl sa a dwe marye ak reyalite lokal selon pratik sosyal, afektif, entim Ayisyen yo. Se depi nan premye ane eskolarizasyon yo pou gen metòd ak kontni apwopriye pou devlope konpetans espesifik solid nan literasi bazik ki ap pèmèt timoun yo devlope sou plan kognitif, kiltirèl, ak sosyal. Elèv yo va kapab aprann yon dezyèm lang tankou fransè, oubyen lòt lang etranje tankou anglè ak espányòl avèk plis fasilite. Aplikasyon yon literasi eskolè an kreyòl kapab ede sistèm edikatif ayisyen an kontwole epi metrize diferan varyab li manke kontwole yo. Pratik literasi kreyòl la ap sèvi kὸm baz pou devlope kognisyon elèv yo epi prepare yo pi byen pou pratik syans ak teknik. Se yon bon baz pou sosyalizasyon timoun yo; li ap pèmèt tout Ayisyen antre nan mond lekti-ekriti a pi fasilman epi reflechi sou pwὸp tèt yo, sou sitiyasyon yo, sou devni peyi a. Li ap sèvi yo kòm baz refleksivite paske li pèmèt yo gade yo menm ki ap panse epi ki ap poze aksyon chak fwa sitiyasyon lavi egzije sa nan lang natif-natal yo. Li refleksif paske li pèmèt Ayisyen rakonte epi ekri pwòp istwa yo nan pataje tout kalte pawὸl ak pratik langajye chak jou nan lavi yo, paske li pèmèt yo esprime santiman yo ak tout sa yo viv nan lang yo. Absans yon literasi eskolè an kreyòl ak prezans diskou kreyolofobi se diskriminasyon lengwistik. Youn nan meyè fason pou konbat kreyolofobi a epi depase limit nou bay lang nan nan sosyete a, se antre yon literasi kreyòl nan lekòl. Nou dwe enskri li nan kad yon politik edikatif ki vize devlope kapital moun ak sosyete a. Literasi kreyòl la ap pèmèt nou repanse pwoblematik alfabetizasyon ak lekòl an Ayiti pandan nou ap pran faktè lengwistik, istorik, sosyal, politik, ideyolojik, sikolojik ak ekololojik an konsiderasyon.

Haut de page

Bibliographie

Abadzi, H. (2013a). L’alphabétisation pour tous en 100 jours ? Une stratégie basée sur la recherche pour obtenir des progrès rapides dans les pays à faible revenu. Global Patnership for Education (GPE) working paper series on learning, no 7F. World Bank.

Abadzi, H. (2013b). “Raising literacy from 20% to 80%? A Science-Based Strategy for GPE Partner Countries”, GPE Working Paper Series on Learning, no 8.

Abadzi, H. (2008). “Efficient learning for the poor: new insights into literacy acquisition for children”, International Review of Education, 54: 581–604.

Abadzi, H. (2004). Strategies and Policies for Literacy. UNESCO Working paper.

Barré-de Miniac, C. (2003a). « Savoir lire et écrire dans une société donnée », Revue francaise de linguistique appliquée, 8(1) : 107-120.

Abadzi, H. (2003b). « La littéracie : vers de nouvelles pistes de recherche didactique », Lidil, 27: 5-10.

Abadzi, H. (2002). « La notion de littéracie et les principaux courants de recherche », La Lettre de la DFLM, 30 : 27-33.

Barton, D. & M. Hamilton (1998). Local Literacies: Reading and writing in one community, London, Routledge.

Barton, D. & M. Hamilton (2010). “La littératie : une pratique sociale”, Langage et société, 133 : 45-62.

Barton, D., M. Hamilton & R. Ivanič (dir.) (2000). Situated literacies: Reading and writing in context, London, Routledge.

Bourdieu, P. (1986). “The forms of Capital”, In Handbook of Theory and Research for the Sociology of Education, Richardson, J.G. (dir.), New York, Greenwood Press: 241-258.

Chaudenson, R. & P. Vernet, (1983), L’école en créole : Études comparée de réformes éducatives en Haïti et aux Seychelles, Québec, ACCT.

Colette, K. (2013). Introduction : « La littératie ou les lire-écrire sous l’angle de leurs pluralités et de leurs complexités socioculturelles, de leurs conditions d’exercice et des critiques sociétales qui en émanent », Globe : Revue internationale d’études québécoises, 16(1) :13-24.

Dagenais, D. (2012). « Littératies multimodales et perspectives critiques », Recherches en didactique des langues et des cultures, URL : <http://journals.openedition.org/rdlc/2338>, no 9-2.

David, J. (2015). « Literacy – Litératie – littératie : évolution et destinée d’un concept », Le français aujourd’hui, 190(3) : 9-22.

DeGraff, M. (2017). « Haiti “linguistic apartheid’ violates children’s rights and hampers development », URL : <https://www.opendemocracy.net/en/openglobalrights-openpage/haiti-s-linguistic-apartheid-violates-children-s-rights-and-hampers-/>.

DeGraff, M. (2014). « Men anpil, chay pa lou: an nou sèvi ak lang kreyòl la pou bon jan edikasyon ak rechèch ann Ayiti ». Dans Carpooran A. (dir.), Langues créoles, mondialisation et éducation, Maurice, CSU-ELP: 455-492.

Dejan, I. (2006). Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba. Port-au-Prince, Deschamps.

Falk, I. (2000). “Literacy and Community: Social Capital and its production of human capital”, CRLRA, URL: <https://researchgate.net/publication/228709855>.

Falk, I. & S. Kilpatrick (2000). “What is social capital? A study of interaction in a rural community”, Sociologia Ruralis, 40(1): 87-110.

Goody, J. (1979) : La Raison graphique. La domestication de la pensée sauvage, trad. de l’anglais par J. Bazin et A. Bensa, Paris, Minuit, [1977].

Goody, J. & I. Watt (1963). “The Consequences of Literacy. Comparative Studies”, Society and History, 5(3): 304-345.

Govain, R. (2022). « Le créole haïtien, de langue d’alphabétisation des adultes à langue de scolarisation : un parcours fait de militantisme et de promotion inachevé », dans Noirard, S. (dir.), Transmettre les langues minorisées. Entre promotion et relégation, Rennes, Presses universitaires de Rennes : 49-62.

Govain, R. (2021). « De l’expression vernaculaire à l’élaboration scientifique : le créole haïtien à l’épreuve des représentations méta-épilinguistiques », Revue Contextes et Didactiques. Émois épilinguistiques et raisonnements métalinguistiques dans les discours sur les créoles français. Disponible sur https://journals.openedition.org/ced/2723.

Govain, R. (2009). Plurilinguisme, pratique du français et appropriation de connaissances en contexte universitaire en Haïti. Thèse de doctorat, Université Paris VIII.

Higgins, D. (2011). La pratique réflexive : enjeu de littératie scolaire chez les garçons /une étude de cas en milieu francophone minoritaire. Thèse de doctorat, Université d’Ottawa.

Jaffré, J.-P. (2004). « La littératie: histoire d’un mot, effets d’un concept », dans Barré-de Miniac, C., C. Brissaud & M. Rispail (dir.), La littéracie, Conceptions théoriques et pratiques d’enseignement de la lecture-écriture, Paris, L’Harmattan : 21-41.

Joigneaux, C. (2019). « La littératie, entre cognitivisme et culturalisme », PratiquesI, URL : <http://journals.openedition.org/pratiques/7042>, no 183-184.

Kazadi, C. (2009). « Mathématiques et littératie : perspective didactique », dans Dionísio, M.L., J.A. Brandão de Carvalho & R. V. Castro (dir.), Discovering Worlds of Literacy. Proceedings of the 16th European Conference on Reading and 1st Ibero-American Forum on Literacies, Braga, Littera/CIEd.

Lemke, J.L. (1995). “Literacy, Culture and History”, The Communication Review, 1(2): 241-259.

Marinelli, C.V. et al. (2011). Visual and Linguistic factors in literacy acquisition: Instructional implications for beginning readers in low-income countries. Washington, World Bank, GPE Working Paper Series on Learning no.2.

Masny, D. (2001). La culture de l’écrit : les défis à l’école et au foyer, Montréal, Éditions Logiques.

Masny, D. & M. Waterhouse (2009). « L’apprentissage des systèmes d’écriture : la perspective des littératies multiples », dans Masny, D. (dir.), lire le monde : Les littératies multiples et l’éducation dans les communautés francophones, University of Ottawa Press: 239-364.

New London Group (1996). “A pedagogy of multiliteracies: Designing social futures”, Harvard Educational Review, 66(1): 60-92. Réimprimé dans Cope, B. & M. Kalantzis (dir.) (2000). Multiliteracies: Literacy Learning and the Design of Social Futures. London, Routledge.

Olson, D. (2006). « Littératie, scolarisation, et cognition. Quelques implications de l’anthropologie de Jack Goody », Pratiques : Linguistique, littérature, didactique, 131-132 : 83-94.

Olson, D. (1994). The world on paper: the conceptual and cognitive implications of writing and reading. Cambridge University Press.

Pierre, R. (2003a). Introduction : « L’enseignement de la lecture au Québec de 1980 à 2000 : fondements historiques, épistémologiques et scientifiques », Revue des sciences de l'éducation, 29(1) : 3-35.

Pierre, R. (2003b). « Entre alphabétisation et littératie : les enjeux didactiques », Revue française de linguistique appliquée, 8(1) :121-137.

Sagnier, C. (2010). « Objectif littératie(s) : pour de nouvelles modélisations en didactique des langues étrangères », dans Neveu, F. et al. (dir.), Didactique et enseignement, français langue maternelle, français langue seconde, CMLF 2010, Paris, Institut de Linguistique Française : 609-621.

Scribner, S. & M. Cole (2010). « La littératie sans l’école : à la recherche des effets intellectuels de l'écriture », Langage et Sociétés, 3(133) : 25-44.

Scribner, S. & M. Cole (1973). « Cognitive Consequences of Formal and Informal Education », Science, 182: 553-559.

Scribner, S. & M. Cole (1981). The psychology of literacy. Cambridge Mass., Harvard University Press.

Sousa Santos, B. (de) (2011). « Épistémologies du Sud », Études rurales, 187 : 21-49.

UNESCO (1953), The Use of Vernacular Languages in Education. URL: https://unesdoc.unesco.org/ark:/48223/pf0000131582.locale=en.

Haut de page

Notes

1 Yon pwojè Delegasyon Inyon Ewopeyèn avèk Ajans espànyòl Koperasyon entènasyonal pou devlopman finanse nan kad Ministè Edikasyon nasyonal. Fakilte Lengwistik Aplike Inivèsite Leta Ayiti responsab objektif 3 pwojè a ki vize elabore yon metòd literasi pou 1e sik lekòl fondamantal atravè yon esperimantasyon nan 15 lekòl nan depatman Sidès.

2 Konpetans pou idantifye konpozan fonolojik mo yo. Li anglobe konsyans fonolojik, konsyans fonemik, konsyans silabik, kapasite pou idantifye rim…

3 Pou plis detay gade « Haïti Gagne : lire, écrire et réussir ». <https://care.org.ht/2.0/nos-programmes/nos-secteurs-dintervention/education/haiti-gagne-lire-ecrire-et-reussir>

4 (Early Grade Reading Assessment, an anglè), se yon zouti ki pèmèt yo mezire konpetans bazik yon elèv nan lekti nan nivo primè. Tès EGRA sa te fèt nan kad yon etid Inivèsite Leta Ayiti te kòmandite atravè Fakilte Lengwistik Aplike nan ane 2020-2021.

5 Kantite eleman oubyen longè yon fraz yon lektè ka memorize nan yon bat-je pou li ba li sans an menm tan.

6 Konstitisyon 1932, 1935, 1946 ak 1950.

Haut de page

Pour citer cet article

Référence électronique

Martineau Nelson, Michelet Michel et Renauld Govain, « Yon literasi an kreyòl an Ayiti: kle pou reyisit eskolè ak eliminasyon kreyolofobi a  »Études caribéennes [En ligne], 52 | Août 2022, mis en ligne le 15 août 2022, consulté le 20 mars 2023. URL : http://journals.openedition.org/etudescaribeennes/24961 ; DOI : https://doi.org/10.4000/etudescaribeennes.24961

Haut de page

Auteurs

Martineau Nelson

martineau.nelson@ueh.edu.ht

Michelet Michel

michelet.michel@ueh.edu.ht

Renauld Govain

renauld.govain@ueh.edu.ht, Langue, Société, Éducation (LangSE), Fakilte Lengwistik Aplike / Inivèsite Leta Ayiti

Articles du même auteur

Haut de page

Droits d’auteur

CC-BY-NC-4.0

Creative Commons - Attribution - Pas d’Utilisation Commerciale 4.0 International - CC BY-NC 4.0

https://creativecommons.org/licenses/by-nc/4.0/

Haut de page
  • Logo ERIHPLUS (European Reference Index for the Humanities and Social Sciences)
  • Logo Université des Antilles
  • DOAJ - Directory of Open Access Journals
  • Latindex - Sistema Regional de Información en Línea para Revistas Científicas de América Latina, el Caribe, España y Portugal
  • Revue soutenue par l’Institut des sciences humaines et sociales du CNRS
    CNRS - Institut national des sciences humaines et sociales
  • OpenEdition Journals
Search OpenEdition Search

You will be redirected to OpenEdition Search